Voye yon timoun lekòl

Nan patwonaj edikasyon timoun yo, ou ede retire yon timoun nan lamizè epi ba yo espwa pou yon lavi miyò. Kontribisyon parennaj ou benefisye timoun lan ak fanmi l’ yo, epi li sipòte lekòl yo, legliz yo ak kominote yo.

Nenpòt moun, fanmi, gwoup oswa kongregasyon ka patisipe nan parennaj la.

Tout kòb nou bay ale dirèkteman al jwenn timoun w’ap patwone a. Nou pa pran nan lajan an pou nou ka kouvri depans administratif yo.